Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
J.k.Sromancier.overblog.com

Un espace pour m'évader à travers mes textes et mes poemes!!!

AYITI SAK PASE

Publié le 6 Novembre 2015 par Jeusch Kyky Salomon in poésie

AYITI SAK PASE

mwen di ayiti sak pasew konsa
poukisa m pè, mpaka soti lèswa
nou chita ap di chodyè prete pa bouyi pwa sèch
epi peyi a se pou nou nap kite figil di tankou vye kanpèch

adye wi dan
vwazinay pa konn dra blan
lap monte kabann ou ak pyel sal
jodia menm lakay nou nap fè voksal

hmmm se nan sa nou ye jodia !
pa rete kwè mrayi chen an
kifèm di dan l pa blan
se nou tout kifè potoprens nan sal ye jodia

mwen pap plenyen bay pèsonn
m’ap dekri yon reyalite
kifè tout kote nou ale nou pagen fyète
nou tout wè malè a men, nou ta renmen ke se li gen klaksonn

Jounen jodia ayisyen plis zanmi ak lanmò
Olye pou yo ta renmen frè yo pliske lò
Anmwe map rele, se twòp atò
Paske map ekri tèks saa, mdeja antò

Sa se yon dedikas pou ayisyen ; pou mwen ak ou
Menm jan ak lanati, li lè pou nou plante lanmou
Ann sispann veye kote nap mete pye’n, paske tè a pa donnen klou
Se mwen ak ou kap simen pyèj toupatou

Kilè wap reyalize mwen ak ou se frè
mwen pa pibon pasew paskem pa pafè
rèv mwen se wè tout ayisyen viv nan lapè
pwoteje patri nou pou nou ka sove lonè

nou vann frè’n pou lajan
jodia se ou, demen se ap yon lòt
si se konsa, nou tout ap fin pase menm jan
ann ini fos nou pito pou nou konbat zòt

wap pran pòz ou pa sanble’m ou se blan
tikrik tikrak pou w ka pranm sou plan
anvan anyen ou dinm pa anyen
poutan lém gad kakòn jenouw m wè mwen ak ou menm tenyen

ou touye, ou kraze, ou brize
nou pa menm ka manje, epi vire tounen nap frape lestomak
granmoun di siw koute pete bourik wap bal twòp chay pote
kout manchèt la se nan dom yon jou kanmenm lap fè mak

ou di fòm travay poum ka manje
epi wap fèm travay chak jou pou anyen
dèfwa ou menm pa vle peye
lé yo manifeste ou di yo bann ravèt sispann plenyen

pou sam wè kap pase
mwen mande ki kote konsyans ayisyen al kache
si lèm gad nan jew mpa wè mwen ak ou sanble
mwen mèt di mond saa pèdi tout bèlte

sispann pran lòt la pou enmiw
ann fè linyon pou nou ka jwenn fòs pou bati peyi nou
si mwen gadew nan je, sa pa vle di mwen rayiw
ann sèvi ak lafwa pou trase kanal lavni nou

tout moun ap tann mo beni kap sot nan syèl la
nou tout konn Bondye kou rivyè yo komanse gen gou fyèl la
jodia ayiti sispann pwodwi myèl
tout bagay chanje, lontan kiyès ki te ka lonje dwèt bay lakansyèl

chak grenn moun, se yon flanbo lespwa
ann kite l limen, konsa na fè 1804 yon lòt fwa
se sèl zam nou pou n konbat fòs fènwa
ansanm, nan tèt kole, nap pote laviktwa.

JKSalomon

Commenter cet article